Alimantasyon w Pandan W ap Bay Tete a
Èske mwen dwe suiv yon rejim espesyal pou alètman?
Ou pa bezwen suiv yon rejim espesyal pou w ka gen ase lèt pou w bay ti bebe w la. W ap toujou gen yon bon kalite lèt pou w bay ti bebe w la kèlkeswa sa w manje. Men, kò w bezwen kabiran pou l ka fè lèt la. Fi k ap bay tete yo bezwen apeprè 500 kalori anplis chak jou. Gen kèk moun ki ka bezwen plis. Gen kèk moun ki ka bezwen mwens. Kidonk, manje yon kantite varyete manje sen ou ka manje.

Rejim alimantè ki bon pou sante
Yo rekòmande yon rejim sen pou tout fi k ap bay tete epi sa ofri anpil avantaj pou yon nouvo paran. Lè w ap chwazi manje, itilize tablo ki anba a kòm gid.
|
Pen, sereyal, diri, ak pat
|
Legim
|
Fwi
|
|
Lèt, yogout ak fwomaj
|
Vyann, bèt volay, pwason,
pwa sèk, ze, ak nwa
|
Grès, lwil, ak bagay dous
(an ti kantite)
|
Kisa ki bon pou ou?
Men kèk bagay ou ka fè:
-
Bwè likid lè w swaf. Pa gen okenn kantite dlo espesifik ou dwe bwè pou w ka gen ase lèt.
-
Swiv gid pou manje sen an.
-
Manje fwi oswa pwodwi letye ki pa gen anpil grès si w grangou ant lè manje yo.
-
Si founisè swen sante w la rekòmande sa a, kontinye pran vitamin prenatal yo.
-
Pran anpil repo.
Kisa ki pa bon pou ou?
Men lòt bagay ou dwe konsidere:
-
Evite manje gra ak manje ki gen anpil sik yo. Manje tankou bonbon ak gato.
-
Ou dwe konnen sa ki antre nan kò w ka pase nan lèt ou.
-
Evite kafeyin. Pa sèlman nan kafe. Men tou nan kola, nan te, ak nan chokola.
-
Limite kantite pwason w ap manje ki ka gen mèki yo. Tankou ton ak espadon.
-
Pale ak founisè swen sante w la anvan w pran kèlkeswa medikaman an. Li enpòtan pou w fè founisè swen sante w la konnen w ap bay tete. Gen kèk medikaman ki pa san danje lè yon fi ap bay tete.
-
Sonje: Alkòl, sigarèt, ak dwòg pase nan lèt ou. Pale sa ak founisè swen sante w la si w pran alkòl, si w fimen, oswa si w pran dwòg. Yo vle ede ou menm ak tibebe w la rete an sante plis posib.
© 2000-2026 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.