WebMD Ignite
Health Encyclopedia
Search Clinical Content Search Health Library
A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z A-Z Listings

Deklanchman akouchman

Deklanchman akouchman an se yon mwayen pou ede w kòmanse akouchman ou an. Sa kapab pwoteje sante w ak bebe w la tou.

Rezon pou deklanchman akouchman an

Yon founisè swen sante ap deside pou deklannche akouchman an si eta sante paran ki ap akouche a oswa ti bebe a an danje si gwosès la kontinye. Kondisyon sa yo gen ladan yo:

  • Pre-eklanpsi

  • Kwasans fetis la fèb

  • Kantite likid amnyotik ki fèb

  • Enfeksyon manbràn yo (koryoamnyonit)

  • Pòch dlo ki pete

  • Kèk maladi, tankou dyabèt

Deklanchman akouchman an kapab fèt tou aprè 39 semèn pou yon rezon ki pa medikal, tankou si moun ki ansent lan ap viv yon kote ki lwen lopital la anpil.

Fason pou deklannche akouchman an

Founisè swen sante w la kapab deklannche akouchman an lè li itilize youn oswa plizyè nan metòd sa yo:

  • Pwostaglandin. Se yon medikaman yo kapab bay sou fòm konprime, kapsil, oswa sipozitwa vajinal. Li rann kòl matris la pi dou, pi mens (efase), epi li ouvri l (dilate). Yo rele sa a matirasyon kòl iteris la. Founisè swen sante w la kapab itilize yon sonn Foley oswa yon sonn ki genyen yon doub balonè. Yo ap antre sonn nan nan kòl matris la pou yo kapab ouvri li. Sa lakoz liberasyon pwostaglandin natirèl.

  • Pitosen (oksitosin). Se yon medikaman founisè swen sante w la ap ba ou pa mwayen yon sewòm (nan venn). Ou kapab pran li ant 4 rive 24 èdtan aprè w fin pran pwostaglandin nan. Pitosen an ede kòmanse kontraksyon yo. Yo toujou bay li nan lopital la.

  • Chire manbràn nan. Se yon pwosedi kote founisè swen sante w la itilize yon zouti tou piti pou li pete pòch dlo w la. Sa a fèt pi souvan lè moun nan fè timoun deja. Epi yo toujou fè li nan lopital la. Kòl matris ou dwe dilate ase anvan pwosedi sa a. Tèt tibebe a tou dwe anba, epi tou pre kòl matris la. 

Risk deklannchman akouchman an

Avèk deklannchman akouchman an, ou kapab genyen gwo risk pou w fè:

  • Yon sezaryèn (akouchman chirijikal), men kapab genyen yon risk ki pi fèb pou sa rive nan yon premye akouchman

  • Yon enfeksyon

  • Plis tan nan lopital

  • Iteris chire (ra)

  • Lanmò fetis la (ra anpil)

Kisa pou w atann

Yo kapab bay pwostaglandin nan nan lopital la oswa adomisil. Kontwòl fetis la nesesè aprè plasman an.

Lòt metòd pou deklannche akouchman yo fèt nan lopital la. Ou ap gen pou ou etène lopital la jiskaske ou akouche. Founisè swen sante w la kapab mete monitè sou vant ou. Yo la pou yo mezire kontraksyon ou yo epi ede nou asire nou bebe w la pa genyen okenn pwoblèm.

Kèlkeswa fason akouchman w lan deklanche a, gen kèk faktè ki kapab afekte kantite tan ou ap pran pou w akouche a. Sa genyen ladan l kantite tan kòl matris ou ap pran pou li vin pi mens epi pou li ouvri, epi lè kontraksyon yo kòmanse a.

Bay tèt ou tan

Malgre deklanchman akouchman an kòmanse pwosesis la, ou ka toujou bezwen tann. Moun ki sibi deklanchman akouchman pi souvan akouche nan yon peryòd yon jou oswa de. Men sa kapab pran plis pase kèk jou pou akouchman an fèt.

© 2000-2026 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.